1199SEIU Funds Training & Employment

Pi lwen pase Konsyans Kiltirèl:
Devlope Pèspektiv nou sou Jistis Rasyal

Deplase pi lwen konsyans. Devlope Konpreyansyon. Ranfòse Koneksyon.

Nou tout soti nan diferan orijin epi nou gen diferan eksperyans nan lavi. Nan atelye entèaktif sa a, ou pral aprann kijan pou respekte diferans kiltirèl yo, kominike pi byen, epi kontribye nan yon anviwonman travay kote tout moun santi yo byen akeyi.

Nan atelye sa a, w ap:

  • Pale ouvètman epi pataje lide
  • Aprann nan eksperyans lòt moun
  • Gade bagay yo nan diferan pèspektiv
  • Aprann sa ki rele prejije ak fason li ka afekte lòt moun
  • Pale sou fason bagay k ap pase nan travay la ak nan kominote nou yo afekte lavi nou
  • Travay ansanm pou rezoud pwoblèm nan lavi reyèl
  • Aprann fason pou trete lòt moun yon fason ki jis epi avèk respè
  • Jwenn fason senp pou fè yon diferans pozitif

Ki moun ki dwe patisipe?

Atelye sa a fèt pou PCA yo ak Anplwayè Konsomatè yo ki vle aprann sou diferan kilti, devlope yon pi bon konpreyansyon youn sou lòt, epi ede tout moun santi yo byen akeyi ak respekte nan travay la.
Lokalizasyon: Vityèl atravè Zoom

Enskri jodi a! Plas yo limite.

Dat fòmasyon an:

Samdi, 21 novanm 2026
10:00 a.m. pou 12:00 p.m.

Enskri Anliy:
Klike isit la pou enskri
- oswa -
Eskane kòd QR la
QR code for workshop registration

Dat limit pou enskripsyon:
Senk jou travay avan chak klas.

Enfòmasyon pou Kontakte

Training & Employment Fund (TEF)

Imèl: infomapca@1199funds.org
Telefòn: (877) 409-8283 ext. 7
Last modified: Wednesday, November 4, 2026, 2:25 PM